lundi 23 mars 2015

Annanfans

Grenn jou yo
Vanse fin
Dekale tout rèv
Ki Kwense nan
Do lanp ou

Je w nan kous
Avèk pye w
Ou pè pou solèy
Pa vin leve dra
Sou rèl do w
Nan fon lanwit

Rezon w san gidon
Ap vante nanm ou
Chak jou pi devan

Men mwen lavi
Se mwen lavi
Mwen vin pote w
Plent pou lanmò

lundi 9 mars 2015

Lavalas

Lè Lavalas
Fin desann
Byen move
Tou chaje
Tout ravin
Tounen zopope

Bouch ou

Cheri lè w poze
Bouch ou
Sou bouch mwen
M annik fèmen
De je m
Kè m ouvè
Men lajè

Prete m

Prete m de zòrèy
poun m jete
anndan m k ap pouri santi
pete nen zonbi
prete m de je
pou klere gade m
k ap ranpe
fòse mache

ti zwazo si w pa gen zèl
ou pa ka vole
ti kòk si w pa gen vwa
ou pa ka chante

mwen lave je m
ak lasi chen
kou yo bat
mwen fè bèl rèv
Men yo rete kache
Nan bouda bèf
Yo rete kole
Pi rèd pase yon bòkyè
Sou galri bouch djo kokobe

Djo kokobe
Djo kote w ye
Djo kot oye

Matelo m ap viv
Ak djòl mwen santi
Prete m yon goud
Pou m achte lavi

Rasin mele

Zandolit souke ke l
Sou bwa madichon
Kouri dèyè van
Fè l pote
Mizik guinen

Danse tchatcha
Kwachi ak tanbou
Lanbi sonnen
Agwe tande
Li pèdi nanm li
Anba mayi
Je l kreve
Lòlòj li pati
Solèy dòmi deyò
Dans pi rèd
Kleren pote viktwa
Tout lwa sou
Tèt ogou pati
Menm gede
Benyen nan lanmè

Cheri pa wont

Cheri pa wont
Vini kote m lè w sal
Mwen renmen wè
Desen swè kouray ou
Ki trase bò kou w

Cheri Pa wont kite m
Poze bouch Mwen
Nan mitan kalfou kò w
Menm si l poko wouze
Paske se la mwen
Jwenn kokoyin mwen

Kò ou cheri
Kò ou se tankou
Yon vyann ki chaje ak epis

Woule m

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

Woule m tankou
Zege midi ap trennen
Manje jete sou galèt cho
Timoun jete krache

Woule m tankou
Yon boul oval
Je djandjan fè
Pou l pase lapenn

Woule m tankou
Boul latè k ap danse
Pou solèy bande

Woule m anba kafe
Nan rak bwa
Anba limyé
Nan fènwa
Woule m kay agwe
Anba dlo
Woule m nan pilon
Kay gangan

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

A minwi solèy zonbi
chofe nanm pèdi
woule m nan rèv
sou kanbann
sou vye nat
po glasi, atè miyò

woule m nan kalbas
nan lanjelis
nan simityè
devan bawon

woule m ak sòm
ak madichon
woule m pi fò
woule m ankò

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

woule m pou m flengèt
pou m babouzi
pou m agonize
pou m ladyanblant

Woule m ak balenn
Ak ponya devan miwa
Woule m ak priyè
ak wanga devan ogou

Woule m anba tonèl
Nan fèy tabak
Pou m pèdi lodè
Jipon choucoun

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm