lundi 9 mars 2015

Rasin mele

Zandolit souke ke l
Sou bwa madichon
Kouri dèyè van
Fè l pote
Mizik guinen

Danse tchatcha
Kwachi ak tanbou
Lanbi sonnen
Agwe tande
Li pèdi nanm li
Anba mayi
Je l kreve
Lòlòj li pati
Solèy dòmi deyò
Dans pi rèd
Kleren pote viktwa
Tout lwa sou
Tèt ogou pati
Menm gede
Benyen nan lanmè

1 commentaire:

  1. Humm m pè tèks dyab. Men j'adore ta façon de jouer avec les loas. C très péjorative. En réalité se konsa tou m we bgay Yo, lwa Yo se gagòt. Yo sou, se pou sa ayiti an dezod konsa. Paske nou kite yon paket lwa fou pran Tèt nou. Bon Antouka se konsa Mwen wèl mwen

    RépondreSupprimer