Do lalin
Do lalin se yon rekèy powèm ki genyen 30 tèks.
lundi 9 mars 2015
Pridans
Sispann tann lèt
Anba tete papiyon
Van an a modi
Bouch ou
Sispann kache
Dèyè solèy
Pou w joure lalin
Se fanmi yo ye
Tonton kase
Pye w poukò w
Avan wòch
Gwo grif
Kwaze l sou
Chimen li
Sere rèv ou
Anba mapou
Gwo rasin
Pou aloufa pa
Manje nanm ou
Nan bòl mèsi
Antchoutchout
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Article plus récent
Article plus ancien
Accueil
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire