lundi 9 mars 2015

Nou la n ap viv

Mo yo vole
Mo yo pati
Byen lwen
Kite lizyè
Bonèt tèt

Perèz rabonnen lespri
Bouche jou chanpèt
Toufe solèy nan dlo

Nou la
N ap viv

Piti pote chay
Sou pwèl
Rouj kwatchòkò
Figi mete mas
Makiye sanwont
Fòs kache anba
La reziyasyon
Kolè trouble
Anfouye nan
Papye pe dyòl
Anperè Ipolit

Nou la
N ap viv

Lonè mande gras
Kouraj manke fòs
Lanmè manke dlo
Powèt mande plim

Nou la
N ap viv
N ap viv pou
Demen pa konnen

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire