Pa fòse pwezi
Jouke mapou
Al keyi pistach
Kite l jan l ye a
Kite l pran
Chimen l poukò l
Li pi gran pase w
Kite l kouche
Arebò rivaj la
Toudousman
Ap pran sant
Van an
Kite chak ti grenn
Sab yo satouyèt li
Pou jouk li griyen
Dan l ba ou
Konsa menm
Ak chak dan yo
Wa bati yon powè m
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire