Je m pèdi lizyè
Tonbe sou melodi
Vizaj fanm
Pèdi bann
Lanmou agranman
Chanje koulè
Dezabiye lakansyèl
Pote kouvri
Tout defo l
Fanm danje
Fanm pyeje
Tout kò l
Pou akwe
Kè ti nonm
Nan filè
Nanpwen sove
M pa pè
ou mèt mare m
ou mèt pyeje m
Pou m pa janm lage
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire