Grenn jou yo
Vanse fin
Dekale tout rèv
Ki Kwense nan
Do lanp ou
Je w nan kous
Avèk pye w
Ou pè pou solèy
Pa vin leve dra
Sou rèl do w
Nan fon lanwit
Rezon w san gidon
Ap vante nanm ou
Chak jou pi devan
Men mwen lavi
Se mwen lavi
Mwen vin pote w
Plent pou lanmò
lundi 23 mars 2015
lundi 9 mars 2015
Prete m
Prete m de zòrèy
poun m jete
anndan m k ap pouri santi
pete nen zonbi
prete m de je
pou klere gade m
k ap ranpe
fòse mache
ti zwazo si w pa gen zèl
ou pa ka vole
ti kòk si w pa gen vwa
ou pa ka chante
mwen lave je m
ak lasi chen
kou yo bat
mwen fè bèl rèv
Men yo rete kache
Nan bouda bèf
Yo rete kole
Pi rèd pase yon bòkyè
Sou galri bouch djo kokobe
Djo kokobe
Djo kote w ye
Djo kot oye
Matelo m ap viv
Ak djòl mwen santi
Prete m yon goud
Pou m achte lavi
poun m jete
anndan m k ap pouri santi
pete nen zonbi
prete m de je
pou klere gade m
k ap ranpe
fòse mache
ou pa ka vole
ti kòk si w pa gen vwa
ou pa ka chante
ak lasi chen
kou yo bat
mwen fè bèl rèv
Men yo rete kache
Nan bouda bèf
Yo rete kole
Pi rèd pase yon bòkyè
Sou galri bouch djo kokobe
Djo kote w ye
Djo kot oye
Ak djòl mwen santi
Prete m yon goud
Pou m achte lavi
Rasin mele
Zandolit souke ke l
Sou bwa madichon
Kouri dèyè van
Fè l pote
Mizik guinen
Danse tchatcha
Kwachi ak tanbou
Lanbi sonnen
Agwe tande
Li pèdi nanm li
Anba mayi
Je l kreve
Lòlòj li pati
Solèy dòmi deyò
Dans pi rèd
Kleren pote viktwa
Tout lwa sou
Tèt ogou pati
Menm gede
Benyen nan lanmè
Sou bwa madichon
Kouri dèyè van
Fè l pote
Mizik guinen
Kwachi ak tanbou
Lanbi sonnen
Agwe tande
Li pèdi nanm li
Anba mayi
Je l kreve
Lòlòj li pati
Solèy dòmi deyò
Dans pi rèd
Kleren pote viktwa
Tout lwa sou
Tèt ogou pati
Menm gede
Benyen nan lanmè
Cheri pa wont
Cheri pa wont
Vini kote m lè w sal
Mwen renmen wè
Desen swè kouray ou
Ki trase bò kou w
Cheri Pa wont kite m
Poze bouch Mwen
Nan mitan kalfou kò w
Menm si l poko wouze
Paske se la mwen
Jwenn kokoyin mwen
Kò ou cheri
Kò ou se tankou
Yon vyann ki chaje ak epis
Vini kote m lè w sal
Mwen renmen wè
Desen swè kouray ou
Ki trase bò kou w
Poze bouch Mwen
Nan mitan kalfou kò w
Menm si l poko wouze
Paske se la mwen
Jwenn kokoyin mwen
Kò ou se tankou
Yon vyann ki chaje ak epis
Woule m
Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
Woule m tankou
Zege midi ap trennen
Manje jete sou galèt cho
Timoun jete krache
Woule m tankou
Yon boul oval
Je djandjan fè
Pou l pase lapenn
Woule m tankou
Boul latè k ap danse
Pou solèy bande
Woule m anba kafe
Nan rak bwa
Anba limyé
Nan fènwa
Woule m kay agwe
Anba dlo
Woule m nan pilon
Kay gangan
Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
A minwi solèy zonbi
chofe nanm pèdi
woule m nan rèv
sou kanbann
sou vye nat
po glasi, atè miyò
woule m nan kalbas
nan lanjelis
nan simityè
devan bawon
woule m ak sòm
ak madichon
woule m pi fò
woule m ankò
Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
woule m pou m flengèt
pou m babouzi
pou m agonize
pou m ladyanblant
Woule m ak balenn
Ak ponya devan miwa
Woule m ak priyè
ak wanga devan ogou
Woule m anba tonèl
Nan fèy tabak
Pou m pèdi lodè
Jipon choucoun
Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
Zege midi ap trennen
Manje jete sou galèt cho
Timoun jete krache
Yon boul oval
Je djandjan fè
Pou l pase lapenn
Boul latè k ap danse
Pou solèy bande
Nan rak bwa
Anba limyé
Nan fènwa
Woule m kay agwe
Anba dlo
Woule m nan pilon
Kay gangan
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
chofe nanm pèdi
woule m nan rèv
sou kanbann
sou vye nat
po glasi, atè miyò
nan lanjelis
nan simityè
devan bawon
ak madichon
woule m pi fò
woule m ankò
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
woule m pou m flengèt
pou m babouzi
pou m agonize
pou m ladyanblant
Ak ponya devan miwa
Woule m ak priyè
ak wanga devan ogou
Nan fèy tabak
Pou m pèdi lodè
Jipon choucoun
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm
Jistis
Souffle van
Tou dousman
Pouse l ale
Pouse l byen lwen
pote bay zanfan
Pwèl wouj
Fè yon ti goute
Zanfan
Je klere
Je boule
fonn nan
Kouto lavi
Zanfan
Je safran
Byen boure
nan bon swen
Zanfan
Jou bare
Toutouni
Anba syèl
Pote van lespwa
Van pou dra
Van pou kouvri
Solèy malfektè
Pote van
Soufle van
Pouse van
Tou dousman
pote l ale
Pote l bay zanfan
Tout zanfan
Tou dousman
Pouse l ale
Pouse l byen lwen
pote bay zanfan
Pwèl wouj
Fè yon ti goute
Je klere
Je boule
fonn nan
Kouto lavi
Je safran
Byen boure
nan bon swen
Jou bare
Toutouni
Anba syèl
Van pou dra
Van pou kouvri
Solèy malfektè
Soufle van
Pouse van
Tou dousman
pote l ale
Pote l bay zanfan
Tout zanfan
Piwèt solèy
M bare solèy
K ap gouye toutouni
Nanpwen pantalèt
Nanm pèdi
Vole dèyè mòn
Tande l bouche
Sou tout koze
Bliye mapou
Ak lafanmi
Solèy benyen anba lapli
Chofe piwèt li
Vin tchèlèlè
Ap defile
Danse kalinda
Bliye mapou
Ak lafanmi
Solèy fin awoyo
Gouyad manmzèl
Se frèt kach
Solèy wè m li sezi
Solèy timid
Solèy pete kouri
Li bliye lonbray li
Solèy pa janm tounen
K ap gouye toutouni
Nanpwen pantalèt
Nanm pèdi
Vole dèyè mòn
Tande l bouche
Sou tout koze
Bliye mapou
Ak lafanmi
Chofe piwèt li
Vin tchèlèlè
Ap defile
Danse kalinda
Bliye mapou
Ak lafanmi
Gouyad manmzèl
Se frèt kach
Solèy timid
Solèy pete kouri
Li bliye lonbray li
Solèy pa janm tounen
Libète libere
yon baton
Tèt ansanm
touye divizyon
mete l anba tè
fèl pa ka wè
Gouyad flè dizè
Anba pikad
Van lespwa
yon ponyen limyè
yon ti dans toya
Ak yon leve kanpe
Antere sansi
Kòk balanse
Douvan pye bawon
Pou yo pa janm
Tounen nan
Dengonn nou ankò
Tèt ansanm
touye divizyon
mete l anba tè
fèl pa ka wè
Gouyad flè dizè
Anba pikad
Van lespwa
yon ti dans toya
Ak yon leve kanpe
Antere sansi
Kòk balanse
Douvan pye bawon
Pou yo pa janm
Tounen nan
Dengonn nou ankò
Fanm
Anba wòb solèy
Je m pèdi lizyè
Tonbe sou melodi
Vizaj fanm
Wont mwen
Pèdi bann
Lanmou agranman
Chanje koulè
Dezabiye lakansyèl
Pote kouvri
Tout defo l
Fanm peche
Fanm danje
Fanm pyeje
Pyeje nan
Tout kò l
Pou akwe
Kè ti nonm
Nan filè
Nanpwen sove
Mwen m premye
M pa pè
ou mèt mare m
ou mèt pyeje m
Pou m pa janm lage
Je m pèdi lizyè
Tonbe sou melodi
Vizaj fanm
Pèdi bann
Lanmou agranman
Chanje koulè
Dezabiye lakansyèl
Pote kouvri
Tout defo l
Fanm danje
Fanm pyeje
Tout kò l
Pou akwe
Kè ti nonm
Nan filè
Nanpwen sove
M pa pè
ou mèt mare m
ou mèt pyeje m
Pou m pa janm lage
Nou la n ap viv
Mo yo vole
Mo yo pati
Byen lwen
Kite lizyè
Bonèt tèt
Perèz rabonnen lespri
Bouche jou chanpèt
Toufe solèy nan dlo
Nou la
N ap viv
Piti pote chay
Sou pwèl
Rouj kwatchòkò
Figi mete mas
Makiye sanwont
Fòs kache anba
La reziyasyon
Kolè trouble
Anfouye nan
Papye pe dyòl
Anperè Ipolit
Nou la
N ap viv
Lonè mande gras
Kouraj manke fòs
Lanmè manke dlo
Powèt mande plim
Nou la
N ap viv
N ap viv pou
Demen pa konnen
Mo yo pati
Byen lwen
Kite lizyè
Bonèt tèt
Bouche jou chanpèt
Toufe solèy nan dlo
N ap viv
Sou pwèl
Rouj kwatchòkò
Figi mete mas
Makiye sanwont
Fòs kache anba
La reziyasyon
Kolè trouble
Anfouye nan
Papye pe dyòl
Anperè Ipolit
N ap viv
Kouraj manke fòs
Lanmè manke dlo
Powèt mande plim
N ap viv
N ap viv pou
Demen pa konnen
kreyòl forè mo
Kreyòl forè mo
Mo sonnen
Mo renmen
Mo limen
Chèlbè pase
Lakansyèl abiye
Mo dous
Mo fasil
Mo tizè
Fòse tande
Mete souri
Nan bouch
Mo lizay
Mo sikre
Mo fòs
Mo kouraj
Wete desen
Mal trase
Nan vizaj
Malere
Mo bitasyon
Mo pike
Mo melanje
Mo mal taye
Mo defòme
Mo patwa
Mo vilgè
Mo ranje
Mo monte
Mo pisan
Mo lari
Mo salon
Bèl mo
Vye mo
Kreyòl se
Mo pa m
Mo renmen
Mo limen
Chèlbè pase
Lakansyèl abiye
Mo fasil
Mo tizè
Fòse tande
Mete souri
Nan bouch
Mo sikre
Mo fòs
Mo kouraj
Wete desen
Mal trase
Nan vizaj
Malere
Mo pike
Mo melanje
Mo mal taye
Mo defòme
Mo patwa
Mo vilgè
Mo ranje
Mo monte
Mo pisan
Mo lari
Mo salon
Bèl mo
Vye mo
Mo pa m
Pwezi pa kapon
Kote pwezi
Tande son
Fòs manchèt
Byen lwen
Pwezi tonbe souri
San tige sispèk
Andedan fon
Kay koupab
Oubyen inosan
Nanpwen dout
Papa poz
Pou kanpe
Volonte volontè
Je fèmen
Pè lodè
Je klere
Pè koulè
Pwezi damou
Tou de
Pwezi pa
Pè anyen
Tande son
Fòs manchèt
Byen lwen
San tige sispèk
Andedan fon
Kay koupab
Oubyen inosan
Papa poz
Pou kanpe
Volonte volontè
Pè lodè
Je klere
Pè koulè
Tou de
Pwezi pa
Pè anyen
Jalouzi
Depi jou nawè m
Tonbe nan nawè w
Lanwit vin
Poze sou kè m
San lalin
San zetwal
Je m tounen
Makout mwen
Chak kou mwen bat li
Li fè m wè w ak yon lòt
Pou l bat mwen tou
Tonbe nan nawè w
Lanwit vin
Poze sou kè m
San lalin
San zetwal
Makout mwen
Chak kou mwen bat li
Li fè m wè w ak yon lòt
Pou l bat mwen tou
Lizay
Pase pasan
Prese paran
Pwente dwèt
Nannan nan
Leve zanfan
swiv mouton
Mouton bese
Tèt douvan
Disiplin moun gran
Granmoun moun
Monte ban
Bon ba
Byen ba ba ba
Pre nat miyò
Atè sou do
Sòl kay
Pay kay
Pay pay pay
Respè fòse
Ponyèt wose
Touche lizay
Byen wo
Wo pase
Verite lavi
Prese paran
Pwente dwèt
Nannan nan
Leve zanfan
swiv mouton
Tèt douvan
Disiplin moun gran
Monte ban
Bon ba
Byen ba ba ba
Pre nat miyò
Atè sou do
Sòl kay
Pay kay
Pay pay pay
Ponyèt wose
Touche lizay
Byen wo
Wo pase
Verite lavi
Sansi
Yon bout souf
Yon bout sanwont
Yon bout lespwa
Grandi ti nèg
Dèyè kay zòt
Yon grenn sandal
Twa fèy
Twa rasin
Twa piman
Twa grenn sèl
Makonnen nan yon kalbas
Chita nan nannan
Yon vèvè delivrans
Bonjou lanjelis !
Kisa w pote ?
Yon ponyen marèl
Pou ti sentaniz ?
Se pa sifi
Ou bouke limen
Balenn ou
Mete l anba
Tab pou nou
Pitit lakou a
Ap mache
Je pete klere
Anba yon solèy fawouchè
Kò m ki dire
Li se limyè
Ki pot lajwa
Limyè ki kwape fennwa
Pote delivrans
Ki kote ?
Solèy dyèdyè
Solèy djòlè
Solèy dan kanyank
Solèy gwo pye
Solèy maledve
Chita la ap fè nou grimas
Li nan patipri
Menm jan ak ou
Fetay limyè li
Rete sèlman
Sou do kay moun
Ki ka ba li kabann
Pou l poze do li
O lanjelis papa solèy !
Bagay yo rèd
Chatiman yon lou
Di yo mo pou nou
Zòt pap lage
Tete nou non
Si w pa rale ke l
Satiyèt li yo dous
Men gouyad yo
Fè nou mal
Yon bout sanwont
Yon bout lespwa
Grandi ti nèg
Dèyè kay zòt
Yon grenn sandal
Twa fèy
Twa rasin
Twa piman
Twa grenn sèl
Makonnen nan yon kalbas
Chita nan nannan
Yon vèvè delivrans
Kisa w pote ?
Yon ponyen marèl
Pou ti sentaniz ?
Se pa sifi
Ou bouke limen
Balenn ou
Mete l anba
Tab pou nou
Pitit lakou a
Ap mache
Je pete klere
Anba yon solèy fawouchè
Kò m ki dire
Li se limyè
Ki pot lajwa
Limyè ki kwape fennwa
Pote delivrans
Ki kote ?
Solèy djòlè
Solèy dan kanyank
Solèy gwo pye
Solèy maledve
Chita la ap fè nou grimas
Li nan patipri
Menm jan ak ou
Fetay limyè li
Rete sèlman
Sou do kay moun
Ki ka ba li kabann
Pou l poze do li
Bagay yo rèd
Chatiman yon lou
Di yo mo pou nou
Zòt pap lage
Tete nou non
Si w pa rale ke l
Satiyèt li yo dous
Men gouyad yo
Fè nou mal
Moustach
Anba de tou nen m
Yon ekip foumi fou
Fòme yon bout wonn
Anba de tou nen m
Yon ekip foumi fou
rete kole youn ak lòt
Sou konn po dyòl Mwen
Chaje ak siwo
Yon ekip foumi fou
Fòme yon bout wonn
Anba de tou nen m
Yon ekip foumi fou
rete kole youn ak lòt
Sou konn po dyòl Mwen
Chaje ak siwo
Nwèl kapitalis
Yon pakèt koukouy
Makonnen youn ak lòt
Na yon lyann vèt
Pou chare lanati
Yon ekip mizik ding dong
Bouche vwa zwezo
Nan rak bwa k ap chante
Pou makiye lapenn
Ti limyè nan chak kwen
Toupatou, tout kote
Sezi nawè n
Soti pou fè n
Bliye gade
Jan lalin nan
Ap souri pou fè
Chak grenn zetwal
Dodo nan pye l
Fèt nwèl rive
Lajan vòlè zèl papiyon
Kapital pou kapitalis
K ap kapitalize lajwa
Makonnen youn ak lòt
Na yon lyann vèt
Pou chare lanati
Yon ekip mizik ding dong
Bouche vwa zwezo
Nan rak bwa k ap chante
Pou makiye lapenn
Toupatou, tout kote
Sezi nawè n
Soti pou fè n
Bliye gade
Jan lalin nan
Ap souri pou fè
Chak grenn zetwal
Dodo nan pye l
Lajan vòlè zèl papiyon
Kapital pou kapitalis
K ap kapitalize lajwa
Nesans Pwezi
Gad jan li fasil
Gad jan li senp
De twa ti mo
Byen chèlbè
Vòlè vizaj lanati
Epi men pwezi
Ayiti ap tann
Ayiti ap tann
Yon Desalin
Tankou Jan
Nway nan syèl
Ap tann solèy
Kwaze ak lalin
Pou l te ka
Sispann fonn
Tonbe sou tè
Pridans
Anba tete papiyon
Van an a modi
Bouch ou
Sispann kache
Dèyè solèy
Pou w joure lalin
Se fanmi yo ye
Pye w poukò w
Avan wòch
Gwo grif
Kwaze l sou
Chimen li
Anba mapou
Gwo rasin
Pou aloufa pa
Manje nanm ou
Nan bòl mèsi
Antchoutchout
Pa di li fè mal
Pa di li fè mal
Si l voye nawè l
Al triye tablèt
Sou vye tab
Mache anba
Si piwèt li chofe
Pla men l pou fè l
Sonnen klòch la
Mitan midi
Li fè nwè sou
Kabann lakansyèl
Kite l ale
Kite l al koupe
Tranch zaboka a
La ba n manje po a
Pa fòse pwezi
Pa fòse pwezi
Jouke mapou
Al keyi pistach
Kite l jan l ye a
Kite l pran
Chimen l poukò l
Li pi gran pase w
Kite l kouche
Arebò rivaj la
Toudousman
Ap pran sant
Van an
Kite chak ti grenn
Sab yo satouyèt li
Pou jouk li griyen
Dan l ba ou
Konsa menm
Ak chak dan yo
Wa bati yon powè m
vagabon se pa bon non m
Vagabon se pa
Bon non m
Men m renmen karese
M renmen fè lago
Ak zegwi katetral
Kap pouse tan an
Al kache nan
Dèyè do lalin
M renmen kouche
Sou vant tè a
Pou souf li
Ap niche po m
Pou jiskaske
Lannwit tounen
Vin pran m
Vagabon se pa
Bon non m
Men kite m bay lavi
Yon dènye dwèt
Bon non m
Men m renmen karese
M renmen fè lago
Ak zegwi katetral
Kap pouse tan an
Al kache nan
Dèyè do lalin
M renmen kouche
Sou vant tè a
Pou souf li
Ap niche po m
Pou jiskaske
Lannwit tounen
Vin pran m
Vagabon se pa
Bon non m
Men kite m bay lavi
Yon dènye dwèt
Inscription à :
Articles (Atom)