lundi 9 mars 2015

Woule m

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

Woule m tankou
Zege midi ap trennen
Manje jete sou galèt cho
Timoun jete krache

Woule m tankou
Yon boul oval
Je djandjan fè
Pou l pase lapenn

Woule m tankou
Boul latè k ap danse
Pou solèy bande

Woule m anba kafe
Nan rak bwa
Anba limyé
Nan fènwa
Woule m kay agwe
Anba dlo
Woule m nan pilon
Kay gangan

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

A minwi solèy zonbi
chofe nanm pèdi
woule m nan rèv
sou kanbann
sou vye nat
po glasi, atè miyò

woule m nan kalbas
nan lanjelis
nan simityè
devan bawon

woule m ak sòm
ak madichon
woule m pi fò
woule m ankò

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

woule m pou m flengèt
pou m babouzi
pou m agonize
pou m ladyanblant

Woule m ak balenn
Ak ponya devan miwa
Woule m ak priyè
ak wanga devan ogou

Woule m anba tonèl
Nan fèy tabak
Pou m pèdi lodè
Jipon choucoun

Woule m chak jou
Woule m kounya
Woule m pita
Woule m demen
Pou demen pa konenm

1 commentaire: