Makonnen youn ak lòt
Na yon lyann vèt
Pou chare lanati
Yon ekip mizik ding dong
Bouche vwa zwezo
Nan rak bwa k ap chante
Pou makiye lapenn
Toupatou, tout kote
Sezi nawè n
Soti pou fè n
Bliye gade
Jan lalin nan
Ap souri pou fè
Chak grenn zetwal
Dodo nan pye l
Lajan vòlè zèl papiyon
Kapital pou kapitalis
K ap kapitalize lajwa
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire