lundi 9 mars 2015

Jalouzi

Depi jou nawè m
Tonbe nan nawè w
Lanwit vin
Poze sou kè m
San lalin
San zetwal

Je m tounen
Makout mwen
Chak kou mwen bat li
Li fè m wè w ak yon lòt
Pou l bat mwen tou

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire