lundi 9 mars 2015

Sansi

Yon bout souf
Yon bout sanwont
Yon bout lespwa
Grandi ti nèg
Dèyè kay zòt
Yon grenn sandal
Twa fèy
Twa rasin
Twa piman
Twa grenn sèl
Makonnen nan yon kalbas
Chita nan nannan
Yon vèvè delivrans

Bonjou lanjelis !
Kisa w pote ?
Yon ponyen marèl
Pou ti sentaniz ?
Se pa sifi
Ou bouke limen
Balenn ou
Mete l anba
Tab pou nou
Pitit lakou a
Ap mache
Je pete klere
Anba yon solèy fawouchè
Kò m ki dire
Li se limyè
Ki pot lajwa
Limyè ki kwape fennwa
Pote delivrans
Ki kote ?

Solèy dyèdyè
Solèy djòlè
Solèy dan kanyank
Solèy gwo pye
Solèy maledve
Chita la ap fè nou grimas
Li nan patipri
Menm jan ak ou
Fetay limyè li
Rete sèlman
Sou do kay moun
Ki ka ba li kabann
Pou l poze do li

O lanjelis papa solèy !
Bagay yo rèd
Chatiman yon lou
Di yo mo pou nou
Zòt pap lage
Tete nou non
Si w pa rale ke l
Satiyèt li yo dous
Men gouyad yo
Fè nou mal

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire