Vagabon se pa
Bon non m
Men m renmen karese
M renmen fè lago
Ak zegwi katetral
Kap pouse tan an
Al kache nan
Dèyè do lalin
M renmen kouche
Sou vant tè a
Pou souf li
Ap niche po m
Pou jiskaske
Lannwit tounen
Vin pran m
Vagabon se pa
Bon non m
Men kite m bay lavi
Yon dènye dwèt
bèl tèks
RépondreSupprimer